2 prensip tout antreprenè dwe konnen avan yon lanse yon biznis

 

Yon antreprenè se yon machann solisyon. Chak pwoblèm se yon opòtinite pou tout vrè antreprenè paske yo konnen si yo rive jwenn solisyon an yo ap kapab vann li e touche benefis pou sa. Se konsa sistèm kapitalis la anrichi antreprenè yo e li fasilite lavi konsomatè yo. Se gayan-gayan.

 

Nou pa bezwen louvri gwo liv ni fè gwo bout tonton rechèch pou nou konprann gen gwo antreprenè e gen ti antreprenè tou. Ok, kounya ou ka mande m kisa ki distenge yo ?

 

Sa ki distenge yo se kalite solisyon yo ofri an.

 

Ou pa janm mande tèt ou kòman mond lan t ap ye si Bill Gates pa t fonde Microsoft ?

 

Donk nou wè tout solisyon yo pa gen menm pwa. E sa mennen nou pou poze tèt nou yon dezyèm kesyon.

 

A KONBYEN MOUN YON ANTREPRENÈ KA VANN YON SOLISYON ?

 

La ankò, Sa depann de solisyon an. Tout solisyon pa menm, yo pa gen menm enpak. Donk, tout solisyon pa gen menm pri. Plis enpak vle di plis kòb.

Lè mwen di enpak mwen vle sèlman di konbyen lajan solisyon an kapab jenere.

 

Gen 2 wout yon antreprenè kapab pran pou li jenere enpak.

 

# 1 Echèl

 

Echèl la se kantite lavi moun yon antreprenè kapab amelyore avèk yon solisyon.

 

Pa egzanp si ou louvri yon stand pou w vann sandwich bò lakay ou. Ou ap gen yon ti enpak tou zuilit. Yon enpak lokal. Li bon. Men li piti. Annou gade yon lòt egzanp ak yon pi gwo enpak.

 

Tankou  nan tan lontan moun te konn itilize cheval pou deplasman yo. Sa ka parèt kòm yon solisyon pou pwoblèm deplasman an men se pa vre. Cheval yo pa ka fè wout lwen akoz fatig, grangou ak lòt konplikasyon fizyolojik.

Mond lan te ka pa t menm rann li kont… Men Pwoblèm lan te la. Se pou rezon sa lè Henry Ford pwopoze otomobil Model T nan lane 1908, yon machin ki pa chè ke tout moun te ka achte, tout mond lan te fè va sou machin lan e li te vann tankou pate cho. Paske moun yo te swaf solisyon.

 

Selon wikipedia, Ford Model T se machin ki kreye plis sansayon pandan tout 20èm Syèk la. Ford vann plis pase 15 milyon otomobil nan grenn modèl sa, e jiska lane 2012 se te 8èm nan 10 modèl machin ki vann plis nan monn lan.

 

Donk si w se antreprenè, travay ou se vann solisyon. Men lè w vle rezoud yon pwoblèm, mande tèt ou konbyen moun solisyon an ap entèrese. Se prensip Echèl.

Echèl la vle di konbyen moun ou ka touche. Echèl se gwo chif. Se echèl ak gwo chif ki mennen nan enpak. Pou rive fè yon milyon dola fòk ou touche yon milyon moun.

 

Vize gran! Adopte yon vizyon nasyonal e/ou mondyal.

 

Men kèk kesyon ou ka poze tèt ou pou w konnen si biznis ou an oubyen solisyon ou ap vann lan ofri w yon bon echèl ?

 

-          Eske biznis lan gen potansyalite pou li grandi san limit, tankou èske benefis li ka pase de 20 mil a milyon a nenpòt ki moman?

-          Eske biznis lan ka touche yon santèn moun oubyen yon milyon ?

-          Eske mwen ka gen kliyan nan tout mond lan oubyen nan peyi m sèlman oubyen bò lakay mwen sèlman ?

-          Konbyen inite m ka vann nan pwodui mwen an, 100 oubyen 1 milyon?

 

Pran san w pou w reponn kesyon sa yo. Si repons ou yo pozitif, konnen solisyon w lan kapab gen gwo enpak. E petèt nan ane ki ap vini yo non w ap site pami gran antreprenè yo.

 

#2 Mayitid

 

Se pa tout lè echèl la posib. Erezman gen yon lòt wout ki mennen nan enpak san w pa bezwen touche yon milyon moun. Se prensip mayitid.

 Mayitid lan se lè benefis ou sou chak grenn pwodui tèlman enpòtan, li vin pa nesesè pou w touche anpil moun. Lwa sa aplike pou pwodui liks oubyen ki atache ak prestij.

Selon CNN, lamborghini vann sèlman 8205 machin pou lane 2019 lan nan tout mond lan. Sa ka parèt yon ti kras nan je w pa rapò ak Toyota ki vann 10.7 milyon machin soti janvye rive desanm 2019. Sepandan, PDG konpayi Lamborghini an, Stefano Domenicali, montre li enkyè akoz li estime twòp machin vann nan yon sèl grenn ane.  

Nan entèvyou li bay CNN, li deklare yo ap pran yon poz lè vant yo rive nan yon sèten nivo paske yo pa vle pou mak la pèdi repitasyon l.

Lòt detay ou dwe konnen, yon Lamborghini vann an mwayèn ant 200 mil a 500 mil USD alòske yon Toyota vann ant 15 mil a 30 mil.  Sa montre konpayi Lamborgini pa mize sou echèl (anpil moun) men li mize sou mayitid (benefis sou chak grenn pwodui).

 

Pa gen youn  nan strateji sa yo ki pi bon, tou 2 kapab fè gwo enpak. Chwa youn oubyen lòt depann de pèsonalite antreprenè ak inovasyon li ofri an. Plis solisyon an enpoze l, plis konsomatè yo ap pare pou peye pou li.

 

 

 Donaldson Velny

Jounalis Siksè, Motivatè

Velnydonaldson7@gmail.com

 

 

 

 

P.S. : vtttrrrrrrrrrrrrrreereSi w renmen atik sa, m ap envite w abone ak chanèl YouTube mwen pou w toujou rete motive, Klike la.

 



Photo by Daniel Bosse on Unsplash

 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog