Articles

Affichage des articles du 2020

2 prensip tout antreprenè dwe konnen avan yon lanse yon biznis

Image
  Yon antreprenè se yon machann solisyon. Chak pwoblèm se yon opòtinite pou tout vrè antreprenè paske yo konnen si yo rive jwenn solisyon an yo ap kapab vann li e touche benefis pou sa. Se konsa sistèm kapitalis la anrichi antreprenè yo e li fasilite lavi konsomatè yo. Se gayan-gayan.   Nou pa bezwen louvri gwo liv ni fè gwo bout tonton rechèch pou nou konprann gen gwo antreprenè e gen ti antreprenè tou. Ok, kounya ou ka mande m kisa ki distenge yo ?   Sa ki distenge yo se kalite solisyon yo ofri an.   Ou pa janm mande tèt ou kòman mond lan t ap ye si Bill Gates pa t fonde Microsoft ?   Donk nou wè tout solisyon yo pa gen menm pwa. E sa mennen nou pou poze tèt nou yon dezyèm kesyon.   A KONBYEN MOUN YON ANTREPRENÈ KA VANN YON SOLISYON ?   La ankò, Sa depann de solisyon an. Tout solisyon pa menm, yo pa gen menm enpak. Donk, tout solisyon pa gen menm pri. Plis enpak vle di plis kòb. Lè mwen di enpak mwen vle sèlman di konbyen lajan solisyon an kapab jenere.